YouVersion Logo
Search Icon

Matye 26:39-44

Matye 26:39-44 HAT98

L'al yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa: — O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a. Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb. Li kite yo, l'ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: — O Papa m, si se pou m bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l devan je m, ou mèt fè l jan ou vle a. Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo. Li kite yo, l ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo.

Video for Matye 26:39-44