YouVersion Logo
Search Icon

Lik 19:37-40

Lik 19:37-40 HAT98

Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè. Yo t'ap di: — Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye! Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: — Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. Jezi reponn yo: — Si yo pe, ata wòch yo va pran rele nan plas yo.

Video for Lik 19:37-40