YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 3:13-14

Jeremi 3:13-14 HAT98

Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pat kenbe pawòl nou avè m, Senyè a, Bondye nou an! Nou te al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pat koute m lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an.