YouVersion Logo
Search Icon

Efezyen 5:25-33

Efezyen 5:25-33 HAT98

Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li. Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank. Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la paske nou se manm kò li. Jan sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.