YouVersion Logo
Search Icon

Kolosyen 1:27-29

Kolosyen 1:27-29 HAT98

Paske, Bondye vle fè moun pa li yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris ap viv nan lavi nou tou, li ban nou espwa nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye a. Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la. Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.