YouVersion Logo
Search Icon

Travay 5:3-5

Travay 5:3-5 HAT98

Lè sa a, Pyè di li: — Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.