YouVersion Logo
Search Icon

2 Korent 4:8-12

2 Korent 4:8-12 HAT98

Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a. Se konsa, kote m pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m tou. Nan lavi m, se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.