YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 20

20
Lagè ak peyi Edon
1Kèk tan apre sa, moun Mowab ak #2 Wa 1.1; 3.4,7 moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, #20.1: moun Mawon yo: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay moun Amon yo. yo vin atake Jozafa. 2Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l konsa:
— Men yon gwo lame sòti nan peyi Edon #20.2: peyi Edon: Dapre vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay peyi Siri. lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gentan pran lavil Azason Tama.
Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi. 3Yon #1 Kwo 22.19; 2 Kwo 19.3; Esd 8.21; Jowèl 1.14; Jo 3.5 sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. 4Moun sòti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Senyè a. 5Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Senyè a. 6Li #Det 4.39; 1 Kwo 29.12; Da 4.17 lapriyè byen fò, li di:
— Senyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou. 7Ou #Sòm 44.2; Eza 41.8; Jak 2.23 se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l rele yo pa yo pou tout tan. 8Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te di 9nenpòt #2 Kwo 6.20,28-30 malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo.
10Koulyeya, #Nonb 20.21; Det 2.4,5,9,19 moun peyi Amon, peyi Mowab ak peyi Edon vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite Lejip, ou pa te kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa te pase lakay yo, yo pa detwi yo. 11Gade #Sòm 83.6,7,12 ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an! 12Ou #2 Kwo 14.11; Sòm 25.15; 123.1,2; 141.8 sse Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou nou kanpe devan gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè. N'ap tann sa ou pral fè pou nou.
13Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Senyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. 14Lespri #2 Kwo 15.1 Senyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf. 15Jaziyèl #Egz 14.13,14; Nonb 14.9; Det 1.29,30; 31.6,8; 1 Sam 17.47; 2 Kwo 15.2; 32.7,8 di konsa:
— Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Senyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm. 16Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la. 17Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Senyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Senyè a ap kanpe la avèk nou.
18#Egz 4.31; Ney 8.6 sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li devan Senyè a. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm bese tèt devan Senyè a pou adore li. 19Moun #1 Kwo 9.19 branch fanmi Keyat ansanm ak moun Levi, branch fanmi Kore, leve, yo pran fè lwanj Senyè pèp Izrayèl la byen fò.
20Nan #Eza 7.9 denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa:
— Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
21Apre #1 Kwo 16.29,34 sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante:
— Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou!
22#2 Kwo 13.13 yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la. 23Moun #Jij 7.22; 1 Sam 14.20 peyi Amon ak peyi Mowab atake lame moun mòn Seyi, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt. 24Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape.
25Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite, yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitèlman, yo pat ka pran tout pote ale. 26Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon Benediksyon an pou fè lwanj Senyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, #20.26: Beraka: Nan lang ebre a mo sa a vle di benediksyon, lwanj. non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 27Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Senyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo. 28Lè yo rive lavil Jerizalèm, y'ale nan Tanp Senyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt.
29#2 Kwo 14.14; 17.10 moun lòt nasyon yo vin konnen jan Senyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te sòti pè anpil. 30Se #2 Kwo 14.6,7; 15.15 konsa reny Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinay yo viv byen avè l.
Fen reny Jozafa
(1 Wa 22.41-50)
31#1 Wa 22.41-43 Jozafa moute sou fòtèy wa peyi Jida a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman l te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki. 32Jozafa te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a. 33Tansèlman, #2 Kwo 17.6 tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t'ap sèvi Bondye zansèt yo a ak tout kè yo.
34Tou #1 Wa 16.1,7; 22.45; 2 Kwo 19.2 sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk denye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.
35Yon #1 Wa 22.48,49; 2 Kwo 9.21 lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Senyè a. 36Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis. 37Men #2 Kwo 19.2 Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l:
— Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Senyè a pral kraze sa ou te bati a.
Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis.

Currently Selected:

2 Kwonik 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in