YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 18

18
Miche avèti Akab, wa Izrayèl la
(1 Wa 22.1-18)
1Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap #2 Kwo 17.5; 21.6 fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la. 2Kèk #1 Wa 22.2-35 lanne apre sa, Jozafa al rann Akab yon vizit lavil Samari. Lè sa a, Akab fè yon gwo fèt pou Jozafa ansanm ak moun ki te avè l yo. Li te fè touye yon pakèt mouton ak bèf pou fèt la. Lèfini, li chache pran tèt Jozafa pou y'al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad. 3Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a:
— Eske w'ap vin avè m pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la?
Jozafa reponn li:
— Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
4Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la:
— Tanpri, annou mande Senyè a sa li di nan sa.
5Se konsa, Akab reyini katsan (400) pwofèt li yo, li mande yo:
— Eske se pou m al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon eske se pou m kite sa?
Pwofèt yo reponn li:
— Atake l, monwa! Senyè a ap lage l nan men ou!
6Lè sa a, Jozafa di konsa:
— Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Senyè a pou n'al fè sa?
7Akab reponn:
— Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m rayi l, paske li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.
Jozafa reponn:
— Pa di sa, monchè!
8Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di l:
— Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen.
9Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita yo chak sou fòtèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesay pa yo. 10Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fabrike de kòn fè. Li di:
— Men sa Senyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo. Ou pral fini ak yo.
11Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesay la tou. Yo t'ap di:
— Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Senyè a ap lage lavil la nan men ou.
12Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche:
— Tout lòt pwofèt yo te anfavè wa a. Ranje kò ou pou gen menm mo ak yo. Pale anfavè wa a tou.
13Men, #Nonb 24.13 Miche reponn li:
— Mwen pran Senyè a, Bondye vivan an, sèvi m temwen. Sa Senyè a va di m di se sa m'a di.
14Lè Miche rive devan wa a, wa a di l konsa:
— Miche, eske se pou m al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon eske se pou n kite sa?
Miche reponn:
— Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Senyè a ap lage lavil la nan men ou.
15Men, Akab di li:
— Konbe fwa pou m di ou lè w'ap pale avè m nan non Senyè a, se pou ou di m laverite?
16Lè sa a, Miche reponn li:
— Mwen te wè tout sòlda pèp Izrayèl yo
gaye toupatou sou mòn yo,
tankou yon bann mouton san gadò.
Senyè a te di: Moun sa yo san chèf.
Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
17Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa:
— Mwen pat di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.
18Miche pran lapawòl ankò, li di:
— Bon! Koute mesay Senyè a. Mwen te wè Senyè a chita sou fòtèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l, sou bò dwat ak sou bò gòch li. 19Senyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l'al fè yo touye l lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay. 20Se lè sa a, yon lespri vanse devan Senyè a, li di: Mwen pral pran tèt li. 21Senyè a mande l: Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Senyè a di l: W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. 22Kounyeya, ou konnen Senyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l fini avè ou.
23Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flank li yon souflèt. Epi li di l:
— Depi kilè lespri Bondye a kite m pou se nan bouch ou l'ap pale a?
24Miche reponn li:
— W'a konn sa lè w'a kouri pase sot nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon.
25Se konsa wa Akab pase yon lòd, li di:
— Arete Miche. Mennen l bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a. 26Di yo mwen bay lòd pou yo mete l nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen sòti nan lagè a san danje ak malè.
27Lè sa a, Miche di:
— Si ou tounen sòti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Senyè a pat pale nan bouch mwen.
Lèfini, li di:
— Nou tout pèp yo, koute sa m di la a wi.
Lanmò Akab
(1 Wa 22.29-40)
28Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad. 29Akab di Jozafa konsa:
— Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan mal goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou men, ou mèt mete rad wa ou sou ou.
Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l'al goumen. 30Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo lòd pou yo pa atake pèsonn pase wa peyi Izrayèl la. 31Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou yo atake l. Men, Jozafa rele anmwe. Bondye sèl mèt la vin pote l sekou, li fè yo vire kite l. 32Lè mesye yo wè se pa li menm ki te wa peyi Izrayèl la, yo rete sou sa yo te vle fè a. 33Lè sa a, yon sòlda peyi Siri rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a:
— Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.
34Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te rete kanpe sou cha li a, l'ap gade moun peyi Siri yo jouk aswè. Lè solèy kouche li mouri.

Currently Selected:

2 Kwonik 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in