YouVersion Logo
Search Icon

1 Wa 2:2-4

1 Wa 2:2-4 HAT98

— Talè konsa, mwen pral kase kòd kite tè sa a tankou tout moun. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou! Se pou ou fè tou sa Senyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè. Si ou fè sa, Senyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l te di m si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.