1
Pwovèb 3:5-6
1998 Haïtienne
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Compare
Explore Pwovèb 3:5-6
2
Pwovèb 3:7
Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.
Explore Pwovèb 3:7
3
Pwovèb 3:9-10
Fè wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou. Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Explore Pwovèb 3:9-10
4
Pwovèb 3:3
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
Explore Pwovèb 3:3
5
Pwovèb 3:11-12
Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
Explore Pwovèb 3:11-12
6
Pwovèb 3:1-2
Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou. Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
Explore Pwovèb 3:1-2
7
Pwovèb 3:13-15
Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
Explore Pwovèb 3:13-15
8
Pwovèb 3:27
Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
Explore Pwovèb 3:27
9
Pwovèb 3:19
Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entelijans li, li mete syèl la nan plas li.
Explore Pwovèb 3:19
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos