1
Mak 1:35
1998 Haïtienne
Nan granmaten, byen bonè, li pat ankò fè klè, Jezi leve, li sòti li kite lavil la, l'al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.
Compare
Explore Mak 1:35
2
Mak 1:15
Li t'ap di yo konsa: — Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la.
Explore Mak 1:15
3
Mak 1:10-11
Se konsa, soti Jezi soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri desann sou li sou fòm yon pijon. Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.
Explore Mak 1:10-11
4
Mak 1:8
Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a.
Explore Mak 1:8
5
Mak 1:17-18
Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen. M'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li.
Explore Mak 1:17-18
6
Mak 1:22
Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.
Explore Mak 1:22
Home
Bible
Plans
Videos