1
Jij 6:12
1998 Haïtienne
Zanj Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou!
Compare
Explore Jij 6:12
2
Jij 6:14
Lè sa a, Senyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l: — Ale non. Avèk fòs kouray ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!
Explore Jij 6:14
3
Jij 6:16
Senyè a di l: — Ou ka fè l, paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye.
Explore Jij 6:16
4
Jij 6:13
Jedeyon reponn li: — Adye, mesye! Si Senyè a avè nou vre, manyè di m poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Senyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip? Men kounyeya, Senyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
Explore Jij 6:13
5
Jij 6:15
Jedeyon reponn li! — Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m, se mwen menm ki pi piti lakay papa m.
Explore Jij 6:15
6
Jij 6:11
Lè sa a, zanj Senyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre bouk Ofra, ki te pou Jowas, moun fanmi Ebyezè yo. Jedeyon, pitit gason li a, t'ap bat ble ankachèt kote yo konn kraze rezen an, pou moun madyan yo pa te vin pran li nan men li.
Explore Jij 6:11
7
Jij 6:24
Jedeyon bati yon lotèl pou Senyè a lamenm. Epi li rele li: (Yave Chalòm) Senyè a se lapè. Jouk jodi a, lotèl la nan bouk Ofra, sou pwopyete moun Abyezè yo.
Explore Jij 6:24
8
Jij 6:17
Jedeyon reponn: — Si reyèlman vre ou vle fè m favè sa a, ban m yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m la a.
Explore Jij 6:17
9
Jij 6:23
Men, Senyè a di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.
Explore Jij 6:23
10
Jij 6:1
Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan setan.
Explore Jij 6:1
Home
Bible
Plans
Videos