1
Ezayi 11:2-3
1998 Haïtienne
Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li. L'a pran plezi l pou l obeyi Senyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman.
Compare
Explore Ezayi 11:2-3
2
Ezayi 11:1
Menm jan yon boujon pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Explore Ezayi 11:1
3
Ezayi 11:4
L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Explore Ezayi 11:4
4
Ezayi 11:5
L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Explore Ezayi 11:5
5
Ezayi 11:9
Pèsonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an. Paske, menm jan fon lanmè plen ak dlo, se konsa kè tout moun nan peyi a pral plen ak konesans Bondye.
Explore Ezayi 11:9
6
Ezayi 11:6
Lyon ak mouton va viv ansanm, Chen mawon ak ti kabrit va dòmi menm kote. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini se yon timoun ki pral okipe yo.
Explore Ezayi 11:6
7
Ezayi 11:10
Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va sòti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va sòti toupatou pou yo vin bò kote l. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l rete a.
Explore Ezayi 11:10
Home
Bible
Plans
Videos