1
Eklezyas 5:2
1998 Haïtienne
Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè okenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.
Compare
Explore Eklezyas 5:2
2
Eklezyas 5:19
Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l di Bondye mèsi, se pou l jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li.
Explore Eklezyas 5:19
3
Eklezyas 5:10
Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van.
Explore Eklezyas 5:10
4
Eklezyas 5:1
Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.
Explore Eklezyas 5:1
5
Eklezyas 5:4
Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l.
Explore Eklezyas 5:4
6
Eklezyas 5:5
Pito ou pa janm pwomèt Bondye w'ap fè kichòy pou li pase pou ou pwomèt, epi pou ou pa kenbe pwomès ou.
Explore Eklezyas 5:5
7
Eklezyas 5:12
Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote.
Explore Eklezyas 5:12
8
Eklezyas 5:15
Li sòti toutouni nan vant manman l, konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.
Explore Eklezyas 5:15
Home
Bible
Plans
Videos