1
Eklezyas 11:9
1998 Haïtienne
Nou menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.
Compare
Explore Eklezyas 11:9
2
Eklezyas 11:10
Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.
Explore Eklezyas 11:10
3
Eklezyas 11:4
Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nyaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.
Explore Eklezyas 11:4
4
Eklezyas 11:5
Menm jan ou pa konnen ni kote van an sòti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòmen nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
Explore Eklezyas 11:5
5
Eklezyas 11:6
Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
Explore Eklezyas 11:6
6
Eklezyas 11:2
Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
Explore Eklezyas 11:2
Home
Bible
Plans
Videos