Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l wè ak peche ankò. Se pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.